Saturday, July 24, 2010

VIZION / REKONSTRUKSION

Encouragé par l'accueil favorable de mon premier poème en créole, j'en ai écrit quelques autres dont voici deux.

Encouraged by the favorable welcome of my first poem in Creole, I have written several other ones. And here are two of them.

***

REKONSTRUKSION

Avan’n pale rekonstruksion fisik, materiel,
Gen yon lot rekonstruksion ki pi inpòtan ankò,
Se rekonstruksion spirituèl, moral.
An’n abandone korupsion, linjistis.
An’n abandone violans, chin manje chin.
An’n abandone sipèstision, vodou.
Se tout bagay sa yo kap touye nou,
Yo pi rèd pase ninpòt tranblemandetè.

An’n mande Bondye padon,
An’n mande Bondye pou li ka ede nou change.
Mesaj sa’a se pa selman pou frè’m ak sè’m,
Min se pou mwin minm tou.
Mesaj sa’a se pa selman pou demin,
Min se pou jodia, san pèdi tan.

Imajine si nou chak chanje,
Se tout yon jenerasion ki sove,
E se pi bel eritaj nou te ka kite dèyè nou.
Non selman pou Ayiti, min pou lemond antie
Alò, ki sa nap tan’n pou nou prie e pou nou aji,
Jodia min’m.

17 jiyè 2010

***

VIZION

Tout bel realizasion komanse pa yon rèv, yon vizion.
Ou rekonèt yon vrè lidè pa rèv li, pa vizion li.
Si pa gen vizion anyin de grandioz pa ka realize.
Ninpòt sa ou vle kree, fò ko’w imajine’l
Fò ko’w wè li nan panse’w, fò ko’w reve’l
Ansuit fò ko’w mete’w o travay!

Lè fini fò ko’w komunike vizion an,
Fò ko’w kolabore ak pliziè moun.
Gran proje bezoin kolaborasion anpil moun,
Si ou pa kolabore ou pa ka reusi.
Sekrè reusit la se kat ingredian sa yo:
Vizion, komunikasion, travay, kolaborasion.

Si Ayiti premie peyi indepandan nwa omond,
E dezièm peyi indepandan Damerik,
Se paske yon nom yo te rele Tousin Louvèti
Te reve ke sa te posib.
Ansuit li chache fè tout esklav Sen Domeng konpran’n
Si yo vle libète, fòk yo mete tèt ansan’m.

Vizion Tousin Louvèti a byin simp:
Si nèg kreol ak bosal, nwa ak mulat,
Domestik ak komandè, mete tèt ansan’m
Pa gen yon lame ki ka reziste yo.
E min’m lè yo dépòte msie nan Jura, an Frans,
Sa pat ka anpeche rèv la realize.

Te gen yon nom yo te rele Anri Kristof,
Li te reve yon gran rwayom
Ki genyen bel batiman ak bel pie bwa.
Msie inpòte tout bel kalite fwi nan peyi a
E konstwi anpil palè.
Jodia nou gen Sitadel, fiète national e mèvèy dumond.

Ki rèv nou, ki vizion nou jodia?
Di’m ki vizion ou, ma di’w ki jan de lidè ou ye.
Di’m ki vizion ou pou peyi ou,
Ma di’w ki jan de lidè ou ye.
Li lè li tan pou nou ka gen vrè lidè an Ayiti,
Ki gen vizion, ki ka komunike e ki ka kolabore vrèman.

18 jiyè 2010