Friday, May 28, 2010

IDANTITE'M

Il y a une semaine, alors que je méditais la Parole de Dieu et que je priais pour Haïti, le Seigneur m'a inspiré ce poème en créole. Le voici donc à l'intention surtout de mes compatriotes bien-aimés.

One week ago, as I was meditating the Word of God and praying for Haiti, the Lord inspired me this poem in Creole. Here it is specially dedicated to my beloved compatriots.

***

IDANTITE'M

Mwen se Ayisyen,
E vodou pa idantite'm.
Mezanmi o!
Moun yo panse
Paske'm se Ayisyen,
M'oblije kwè nan bòkò,
Nan maji, nan sa ki mal,
Nan tou sa kap touye kretyen vivan,
Nan tou sa ki fè'l pèdi lonè li.

Mwen se Ayisyen,
E'm pa supòte diktatè ni moun ki san règ.
Mezanmi o!
Moun yo panse
Paske'm se Ayisyen,
M'oblije akcepte kòm lidè
Yon moun ki diktatè,
Oubyen yon moun ki san règ,
Ki ba gen yon ti kras prinsip.

Mwen se Ayisyen,
E'm pa supòte kòruption ak manigans.
Mezanmi o!
Moun yo panse
Paske'm se Ayisyen,
M'oblije mande an ba tab
Pou nimpòt ti sèvis.
Kote respè'm nan ye alò?
Eske Bondie mwen an pa vivan?

Mwen se Ayisyen,
E'm kwè nan Jezi tout bon,
San melanj.
Mwen kwè nan bien viv,
Nan pote kole.
Mwen rinmin bèl blag, bèl pinti, bon musik.
Mwen rinmin la nati.
Sa fè'm tris lè'm wè moun ak koupe pie bwa san plante.
Sa fè'm ankò pi tris lè'm wè pa gen gouvènman pou ba peyizan yon altènativ.

Mwen se Ayisyen,
E'm pa'p kite pèson vole libète'm.
Mwen se Ayisyen,
E'm pa'p kite pèson vole lonè'm.
Mwen se Ayisyen,
E'm rinmin kolabore ak tout Ayisyen,
Ak tout moun ki vle wè Ayiti avanse.
Mwen se Ayisyen,
E sa fè'm plèzi anpil lè'm wè Ayisyen tankou'm reusi.
Mezanmi o!
Lè delivrans-la son-nin!

20 me 2010