Sunday, June 03, 2012

Sila a Bondye beni, li beni nèt!

Sila a Bondye beni, li beni nèt!
Ou mèt sote ponpe, fè kòlè,
Joure, kritike, konplote,
Ou pa ka chanje anyen nan sa.
Olye ou mete ou kont li,
Pito ou mete ou avè l,
Konsa w’a montre kòman ou entelijan,
Kòman ou gen bon konprann.
(Li Nonb 23-24 w’a konprann)

No comments: